Kolektif sitwayen Nou Pap Dòmi, envite w siyen yon Lèt tou louvri pou Prezidan Koudèkont la sou dosye Petrocaribe a. Nan lèt sa a n ap egzije pou Koudèkont bay rès 25% rapò a ak tout arè debè yo.
Pou ajoute siyati w anba lèt sa a, li lèt la epi reponn nou pa imel sou kontak@noupapdòmi.org "SVP ajoute non mwen nan lèt tou louvri pou Koudèkont la: NON ak SIYATI"
N ap kolekte siyati jouk 15 septanm, n ap voye lèt la bay Koudèkont madi 17 septanm 2019 epi n ap pibliye li nan medya ak sou rezo sosyal yo. Nou konte sou angajman tout sitwayen fanm kou gason pou nou fè mesaj la rive nan Koudèkont, pataje lèt la epi ankouraje lòt moun siyen li.Se angajman, mobilizasyon ak detèminasyon nou ki fè Koudèkont bannou 2 premye rapò yo, se menm detèminasyon an ki pou fè yo bannou rès 25% rapò a, arè debè yo ak #PwosèPetroCaribeA.
Mèsi
Nou PaP Dòmi