Nan lane 2010, nan dat 12 janvye, bò 4:53 minit nan aprèmidi, yon gwo tranblemanntè frape Ayiti. Seyis sa a te gen yon entansite 7.0 nan echèl Richter, epi li te trennen dèyè li, yon mwa edmi apre, 52 replik ki te gen entansite ant 5.02 a 5.95 selon Enstiti Jeyolojik Ameriken. Yon mwa apre katastwòf la nan dat 9 fevriye, Leta ayisyen avanse yon bilan ofisyèl ki fè kwè bilan final katastwòf la se 280 000 mil moun ki mouri, 300 000 blese, 1,3 milyon moun sanzabri. Bilan sa a ak puisans tranblemanntè a fè katastwòf sa pase devan tout katastwòf peyi sa a pa janm konnen, men tou, li pase pou pi gwo kataklis yon peyi nan mond lan janm viv parapò ak kantite moun ki mouri epi blese konpare ak popilasyon peyi a, kantite domaj parapò a pwodui enterye peyi a.
12 janvye pa yon katastwòf natirèl
Li toujou bon pou n raple yon tranblemanntè se yon fenomèn natirèl tankou lapli, van, siklòn, elatriye. Nou di sa pou n klarifye tandans ki vle fè kwè yon tranblemanntè se yon katastwòf natirèl. Se pito jan nou okipe ak amenaje espas n ap viv la, ki ka lakòz fenomèn natirèl sa yo transfòme an katastwòf. Seyis 12 janvye 2010 la pa ni premye seyis peyi a konnen, e li p ap dènye a. Depi nan tan lakoloni jis jounen jodi a, yo anrejistre plizyè dizèn seyis ki kraze kapital peyi a, dezyèm vil la ak divès lòt vil plizye fwa(1). San konte siklòn ak dife ki fè pati katastwòf anpil jenerasyon ayisyen ki viv nan divès vil nou yo konnen.
Kesyon n ap poze tèt nou, se poukisa fenomèn natirèl sa yo toujou tounen katastwòf ? Poukisa depi 2 syèk n ap viv sou tè sa kòm pèp lib, nou pa rive pwoteje popilasyon an fas ak risk sa yo ? Poukisa pou anpil moun 12 janvye 2010 te bay yon okazyon pou repanse fason nou abite bout tè sa a, poutan 10 lane apre, nou konstate nou rate rekonstriksyon an ? Repons divès kesyon sa yo trete deja nan anpil deba ki fèt swa nan laprès, nan kolòk ak nan travay rechèch nan anpil inivèsite nan mond lan. Men, nan kontèks kote n ap make 10 lane apre seyis la, yon kontèsk kote peyi a ap viv pi gwo kriz sistèm nan listwa li, kesyon sa yo vin gen yon lòt sans pou nou. Se pou sa pou nou menm, si fenomèn natirèl sa yo rele tranblemanntè a tounen yon katastwòf akòz jan nou amenaje espas n ap viv la ki se Ayiti, jan nou jere katastwòf sila 10 lane apre, se yon lòt pi gwo katastwòf.
10 lane apre nou gen anfas nou yon lòt katastwòf
Chak 12 janvye, gouvènman an, sosyete sivil la ak laprès entènasyonal la yon fason osnon yon lòt mennen yon seri aksyon pou make dat la. Yo pwofite an menm tan, pou fè yon bilan chak ane sou rekonstriksyon peyi a ak kapasite repons Leta ak yon lòt tranblemanntè sizoka. Se chak fwa yo konstate pa gen anyen ki fèt, pa gen okenn leson, ni rezolisyon. 10 lane apre, konsta a klè pou nou tout. Apa kèk batiman piblik, pa gen anyen ki rekonstwi nan peyi a. Okontrè, apre ond sismik yo fin lage kay yo atè, wout rekonstriksyon nou pran an fisire edifis sosyal, politik ak ekonomik sosyete a pou mennen nou nan yon efondreman enstitisyonèl san parèy.
Eskandal koripsyon ki eklate nan tantativ rekonstriksyon an, soti nan CIRH tonbe nan Petrocaribe, montre aklè pi gwo katastwòf la se jesyon peyi a apre 12 janvye. Kriz politik ki eklate ki souke baz sosyete a, kote tout jenès peyi a ap egzije chanjman sistèm sosyete pezesouse a temwaye echèk klas politik la ak elit ekonomik la. Jodi a kriz la tèlman madre, tout kouch nan sosyete a sanse klè nou p ap ka kontinye sou menm wout la. 10 lane apre tranblemanntè a nou konstate frajilite peyi a, nivo enstitisyon yo pa reponn, kalite iresponsabilite dirijan yo pou pran peyi a an chaj. Pandan tout sa peyi a rete ak 2 fay majè ki travèse 2 pi gran vil peyi a, 6 mwa sezon siklòn sou 12 mwa nan ane a, yon sistèm sante piblik ki pa reponn si gen yon epidemi alewè yon pandemi, san okenn kò ponpye, ni brigad entèvansyon an ka kriz.
Olye 12 janvye aprann nou 27,500 Km2 sa gen yon seri aleya anviwonmantal, ki egzije nou abite bout tè sa a yon fason ki pi responsab, li pwodui pito yon lòt konpòtman lakay nou. 10 lane apre nou pa rive fè okenn refòm an pwofondè, okontrè ti rès enstitisyon yo efondre. Sou plan politik, nou rive konnen rejim ki pi kowonpi, anti nasyonal ak idyokratik nou janm konnen. Nesesite pou gen yon enplikasyon, pou gen yon ripti ak refondasyon nasyonal vin tounen yon ijans, yon defi pou jenerasyon moun ki gen pou viv 3 deseni k ap vini la yo.
10 ane apre nou dwe soti nan jesyon ijans pou n pase nan ijans jesyon
Apre 12 janvye nou te gen lanmò, nou te gen fanmi ki disparèt, genyen ki te kwense anba dekonb ki ret mouri paske pa t gen mwayen pou retire yo, genyen ki te rive soti men pa t gen lopital pou ba yo lavi. Genyen ki tou andikape, genyen ki pèdi tout sa yo posede. Jodi a, 10 lane apre, peyi a rete san lopital, san okenn sèvis sekou, san yon kò ponpye, san yon sant obsèvasyon sismik fonksyonèl. 10 lane apre nou pa konn konbyen ayisyen ki konn sa yo dwe fè si tè a tranble, pa gen egzèsis similasyon nan lekòl pou timoun ak jèn yo. Jounen jodi a, nou gen sètitid si tè a tranble ankò ka nou ka pi mal akòz nou vin pi pòv. 10 lane apre, nou konstwi pi mal, nou pa gen aksè ni ak materyo kalite, ni ak pwofesyonèl konstriksyon kalifye, ni ak konesans adapte sou zòn epi tip kay nou vle konstwi yo. Se sa nou rele katastwòf 10 lane apre a.
Men pandan 10 lane yo, gen yon nouvo klas rich nan peyi a, otèl, magazen, machin liks, apatman, dezyèm rezidans kale kou djondjon. Nouvo klas rich sa a ranje kò l pou se li ki toujou dirije peyi a, nan yon sèl objektif, pwoteje vòl ak piyaj li fè pandan deseni pase a. 10 lane apre, gen yon seri moun ki pran konsyans, ki rann yo kont yo pi frajil pase jan yo te ye an 2010, yo pi pòv. Poutan resous nou yo ap gaspiye, dilapide, mal jere. Nou rann nou kont sèvo peyi a pati kite l. Ayiti tounen yon kò san tèt k ap sikile nan mitan yon kokennchenn danje. Kataklis la pa pwovoke okenn deklik. Elit yo pa rive akouche okenn antant osinon pwojè nasyonal pou remanbre peyi a epi bay mwayen pou l fè fas ak evenman sa yo. Yo te pito mete ak entènasyonal la, pou fè Ayiti konnen dirijan ki pi analafabèt ak anti nasyonal nan listwa li.
Gen anviwon 6 milyon ayisyen ki gen ant 30 ak 35 lane jodi a. Sa ta vle di majorite popilasyon an pa t nan patisipe nan jere kataklis. Jodi a, se yo k ap konstate epi sibi jesyon katastwofik 10 lane ki sot pase yo. Eske n ap pèdi 10 lane k ap vini la yo? Eske Ayiti ka pèdi 10 lane ankò? Jodi a nou gen okazyon patisipe nan fòje 10, 20 oubyen 30 lane k ap vini la yo. Pandan nou konnen, fay sismik ekspè yo t ap mande Leta prepare popilasyon an pou li an depi lane 2004 la, akoz li ka koze dezagreman nenpòt ki lè, se pa t li ki te lache kò li 12 janvye 2010, se te pito yon segman nan fay sa, ki sou zòn Lewogàn.
Kididonk Ayiti toujou ap tann yon kataklis, se nou ki pou konnen si n ap kanpe gade peyi a ap fin kraze nan men nou.
Angaje n!
(1) https://fr.m.wikipedia.org/wiki/Liste_de_catastrophes_naturelles_en_Haïti