Depi dènye gwo leve kanpe kont ogmantasyon pri gaz la 6-7 ak 8 jiyè ane 2018 yo, gwo kriz k ap sakaje sosyete a rive nan yon pik okenn moun potko janm wè. Leve kanpe sa te simen grenn pou yon mobilizasyon san presedan. Li te make moman popilasyon an te deside l ap sispann peye po kase pou moun k ap pwofite resous peyi a. Ti grenn lan tonbe nan bon tè. 14 dawout 2018 lè sitwayen Gilbert Mirambeau Jr. mande Kot Kòb Petrocaribe A se te kòmansman yon lòt mouvman, yon ti plant soti nan tè e depi jou sa tout mond lan ap gade kijan yon mouvman sitwayen tou nèf ap grandi nan yon teren difisil. Lane chanje, mouvman an grandi, konjonkti a evolye.
Aktè yo, revandikasyon yo, diskou ak metòd pwotestasyon yo ki make lane 2019 la, parèt nèf pou anpil moun k ap obsève epi ki gen lide sou kriz pase yo. Youn nan kòz nouvote sa yo, se prezans yon gwoup moun ki gen lontan pa patisipe nan mouvman sosyal ak politik yo. Gwoup moun sa yo ki pote non petwotchalennjdè bouskile teren batay sosyal la. Yo rive mobilize tout peyi a epi fòse Lakoudèkont reponn kesyon ki te sèvi kòm nannan tchalennj lan ki se : Kot Kòb Petrocaribe A ?
Men yo pa rete la. Gen lòt revandikasyon ki antre nan demach pwotestasyon gwoup jenn sa yo, jis yon gwoup nan yo pra l kanpe pwòp òganizasyon yo ki pra l pote non Nou Pap Dòmi.
Kote nou soti pou n rive la ?
Mouvman an konnen plizyè etap soti 14 dawout 2018 pou rive jodi a. Nou kapab divize evolisyon mouvman an nan 4 etap sa yo:
- Etap tchalennj lan : kote ou ka jis prezante w sou rezo sosyal yo ak afich ki gen kesyon Kot Kòb Petrocaribe A.
- Etap aktivis la : kote petwotchalenndjè yo pral òganize premye sitin yo 24 dawout 2018 devan Koudèkont, plizyè manif ak gwo leve kanpe nasyonal tankou 17 oktòb ak 18 novanm 2018. Nan peryòd sa petwotchalenndjè yo te sèlman vize mete presyon sou Koudèkont pou reponn kesyon tchalennj lan.
- Etap militan anti koripsyon ak enpinite a : kote Koudèkont pral pibliye rapò odit sou jesyon pwojè ki te finanse ak lajan petwo karibe yo. Rapò sa yo kouvri 75% montan pwojè yo epi reponn kesyon Kot Kòb Petrocaribe A. Sosyete a dekouvri yon gwo eskandal kote menm prezidan repiblik la mouye. Se la petwotchalenndjè ki nan Nou Pap Dòmi pra l egzije demisyon prezidan an, nan non moral piblik ak pou kesyon koyerans yo kòm gwoup k ap batay kont koripsyon ak enpinite.
- Etap militan pwogresis la : kont sistèm kowonpi a, kote mouvman kont koripsyon an kòmanse fè fas ak yon seri gwo obstak politik, kote revandikasyon kont sistèm nan ap monte epi enterè yo vin parèt klè. Yon bann kesyon kòmanse poze e repons yo poko klè tankou : Eske nou ka gen yon pwosè petwo karibe ak sistèm nou gen la ? Eske ripti ak redrèsman ka fèt nan yon tranzisyon ? Eske batay elektoral pou pran pouvwa pou reyoryante enstitisyon yo pa yon opsyon osnon yon faz nou dwe prepare ?
Kijan sa ye jounen jodi a ?
Gwo mouvman kontestasyon sa yo jwenn peyi a nan yon sitiyasyon ekonomik ak politik difisil an menm tan nan yon degradasyon sosyal ak anviwònmantal grav . Anplis, nou toujou gen nan tèt peyi a yon sitwayen ki pa gen okenn pwoblèm pou peyi a efondre toutotou li, depi li ret sou pouvwa. San konte bann ap pakèt vyolasyon dwa moun, masak, pèsekisyon nan tout peyi a kont militan antikoripsyon ak antigouvènman.
Se nan anbyans politik sosyal difisil sa a Nou Pap Dòmi fè tout ane a ap fòse tèt li rete koyeran nan batay kont koripsyon ak enpinite pou jistis sosyal la. Defi sa yo te oblije nou fè oubyen patisipe nan anpil aktivite mobilizasyon. Nou te bay gwo kout men nan dyalòg ant ayisyen pou rive jwenn yon solisyon ak kriz politik k ap ravaje peyi a. Nou te chita pale epi bay dizon nou ak tout aktè politik, sosyete sivil ak relijye pou rive jwenn konsansis. Nou te fè sosyete a pwopozisyon egzijans nou pou yon tranzisyon ripti ki kadre ak revandikasyon pèp ayisyen an.