Enfolèt

Nou Pap Dòmi

Me 2020 

"Nou Pap Dòmi se vwa chak moun nan sosyete a ki deside soti nan silans li pou pasivite l pa disparèt li."

 

Mèsi dèske w li enfolèt sa a.

Editoryal

Li pa yon sekrè pou pyès ayisyen koripsyon ap gangrennen peyi a. Depi lè palman lawonte an disfonksyonèl, peyi a ap kouri sou plis pase 2 lane san bidjè, epi kounya nou gen pandemi covid-19 la ki sou wout vale teren nan peyi a, koudèkont pran woulib pou l kache pou gwo defi ki tonbe sou do l. Plis pase yon defi se yon responsabilite ki defini fonksyon l ak egzistans li jan sa define nan dekrè 23 novanm 2005 la ki tabli òganizasyon l ak fonksyonman l.

 

Silans koudèkont sou dènye pati rapò petrocaribe a ak arè debè/kitis yo ; silans li tou fas ak vwa k ap leve nan divès sektè pou di sa k te pase nan lajan petwo a pa dwe pase nan lajan kowona Covid-19 la, moutre aklè nou sou yon move pant.

 

Koripsyon se yon viris kòryas ki andemik epi sistemik. Li boujonnen plis toujou nan peryòd kriz tankou pandemi n ap viv jodi an. Eksperyans pèp ayisyen an nan moman kriz nan 10 dènye lane ki sot pase yo, tankou tranbleman tè, kolera, siklòn Mathieu, Chicoungounya, Zika elatriye, moutre nou pa dwe dòmi, pou kriz n ap viv la pa tounen yon lòt fwa ankò, yon gwo opòtinite pou koriptè ak piyajè pyafe nan ti kras resous peyi a, anba je lajistis, anba je Koudèkont.

 

Se poutètsa nou p ap tolere Jij koudèkont yo mete mask nan figi yo pou kache pou responsabilite yo, jan sa toujou fèt. Konplisite yo klè nan gagòt nou konnen yo. Absans palman an pa dwe yon pretèks pou koudèkont kache pou viris koripsyon an. Yo dwe mete yo opa nan travay pou sitwayen yo. Yo dwe asire yo lajan taks nou pa itilize mal. Yo dwe enfòme nou sou kijan otorite yo itilize lajan nou redi kontribye nan travay di malgre n pa jwenn okenn sèvis bazik nan men Leta. 

 

Se pou sa Nou Pap Dòmi ap nan lanse yon gwo kanpay fè bri nan tèt koudèkont, jan nou abitye fè l pou yo di nou:

 

Kot kòb petrocaribe a?

Kot dènye pati rapò a?

Kot pwosè petrocaribe a?

 

Eske koripsyon kaba anndan Leta a ki fè Koudèkont pa janm fè ankenn lòt rapò sou ankenn lòt dosye koripsyon?

 

Koripsyon se yon fren pou byennèt yon pèp ak devlòpman, yon pwazon pou demokrasi. Redisyon kont se yon eleman enpòtan nan batay kont enpinite ak pou jistis sou tout fòm. Se pou sa batay kont koripsyon, kont enpinite ak pou jistis sosyal la, se batay nou tout e se yon batay san kanpe.

 

Nou Pap Dòmi

Pòtoprens, Ayiti
kontak@noupapdomi.org

Partager sur :

Partagez sur FacebookPartager sur X (Twitter)

Vizite sit la  
Cet e-mail a été créé avec Wix.‌ En découvrir davantage